top of page

Yon ofisye kontenjan kenya nan MMSS la disparèt nan yon atak bandi savyen yo fè sou yon twoup ki t al mennen yon operasyon sekou nan latibonit




Nan yon kominike ki pote dat 25 mas 2025 la ak siyati pòt pawòl misyon miltinasyonal pou tabli lapè ak sekirite nan peyi dayiti a, Jack Ombaka, fè laprès ak popilasyon ayisyèn nan konnen, gen yon ofisye kontenjan kenya MMSS la ki disparèt, nan yon operasyon sekou yon twoup t al mennen pou debloke yon blennde polis nasyonal la ki te kole nan yon twou bandi yo te fouye kafoupèy nan latibonit.

 

Nan nòt la, pòt pawòl MMSS la fè konnen ensidan ki lakoz disparisyon sèjan an rive nan moman misyon an te voye 2 machin MRAP pou al rale blennde PNH la ki kole nan yon twou bandi savyen yo te prepare. Youn nan aparèy yo te bloke tou, pandan lòt la te gen pwoblèm mekanik. Se nan moman ekip sekou a t ap ede repare pwoblèm yo, bandi yo tou pwofite atake, daprè sa pòt pawòl MMSS la fè konnen.

 

San mansyone nan nòt la si aparèy yo ak blennde PNH la boule, ak si gen sòlda ki mouri, tankou jan kèk sous fè konnen sa ak kèk videyo ki viral sou rezo yo, pòt pawòl MMSS la fè konnen ekip espesyalize yo deja deplwaye sou teren pou bouske epi jwenn kote ofisye kontenjan kenya a ye epi pwomèt yon rapò detaye ap gen pou bay touswit.

 

N ap raple, yon sòlda kenya te deja pèdi lavi l anba bal bandi savyen yo nan mwa fevriye a. Se prèske yon dizèn blennde bandi yo boule pou fòs lòd yo depi nan kòmansman ane 2025 la.

 

Kendy CHERESTAL


Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page