top of page

Yon mwa pou pi piti depi 3 Madan Sara anba men kidnapè













Telefòn ou sone, se non yon pwòch ou ki monte. Ou kouri pran apèl la ak kè kontan men, batman kè w pral chanje lè w reyalize se pa vwa moun pa w la. Nan plas vwa sa ou renmen tande a se yon lòt ou pa t janm swete tande nan vi w k ap enfòme w moun ou an nan men yo. Li pa kite w reprann souf ou pou l ba w kondisyon ou dwe respekte si w ta swete rejwenn moun ou an vivan.


Pafwa, vwa sa a konn ba w chans tande vwa moun pa w la. Men vwa l konn tèlman chanje anba laperèz, ou konn pa gentan jwenn mo konsolasyon yo.


Sitiyasyon sa a se kochma majorite ayisyen nan moman an.


Domaj, li se reyalite yon pakèt bann lòt . Demen, mèkredi 27 Mas 2024 la ap fè egzakteman 4 semèn depi 3 fanmi Madan Sara plonje nan twou fè nwa sa.


Bandi ak zam te kidnape machann sa yo nan zòn Kafou Marasa pandan yo t ap sot achte Malpas. Bandi yo pa t ezite mande menm 2 milyon 500 mil goud pou chak grenn moun.  Nan negosye ,gen youn nan fanmi yo ki te rive a 500 mil goud. Aprè tout dekouvri Sen Pyè pou abiye Sen Pòl, fanmi an te rive kolekte 250 mil goud pou remèt kidnapè yo. Kòb la fin livre, viktim lan toujou nan baz paske yo deside pa libere l pou yo tann lòt 250 mil goud lan.


Fanmi yo pa kapab ankò, yo pa gen lòt pòt pou yo frape. Machann yo gen plizyè maladi, pa gen youn ki gen medikaman. Gen yon nyès youn nan yo ki fè n konnen sèl asirans li genyen nan moman an se konnen matant li vivan men li pa konn pou konbyen tan, paske l deja konnen ki tretman y ap ba li.


Plizyè moun k ap swiv evolisyon sa k ap pase nan peyi a pa sispann mande tèt yo si revolisyon an ap fèt pou pèp la, poukisa se li ki toujou viktim prensipal la.


Kòm pa gen dirijan, pa gen moun kap pwoteje ti pèp la k ap soufri twò lontan, bandi pwofite fè revolisyon nan fason y ap toupizi sa k pi fèb yo, sa k pa menm ka manje yo.

 

Alexandra LINDOR

Comentarios

Obtuvo 0 de 5 estrellas.
Aún no hay calificaciones

Agrega una calificación
bottom of page