Yon lane depi Kafou teritwa pèdi
- Alexandra LINDOR
- Nov 1, 2024
- 1 min read

01 Novanm 2023-01 Novanm 2024 fè yon lane depi Maryani ki debouche sou Kafou rantre, ofisyèlman, nan lis teritwa pèdi yo.
Yon dat tankou jodi a, jedi 01 Novanm 2023, gwoup bandi ki gen pou chèf Boutba bloke wout maryani nan pwent wouy ray la aprè yo sot nan simityè kafou.
Men pou listwa ak laverite fò n di se pa premye fwa yon gwoup san fwa ni lwa t ap fè tantativ pou pran zòn nan. Moun ki t ap viv kafou pat atann yo ak sa, paske anpil nan yo nan epòk sa, te kwè nan lapolis ak yon gwoup ki t ap domine blòk la ki te pote non karavàn.
Depi jou sa, kan yo kòmanse toke kòn yo, bandi yo vin ap vale teren chak jou ki jou. Moun ap mouri, lòt ap kouri kite kay yo san konn ki kote yo prale pandan byen pa sispann pèdi.
Jou ap pase, ti bouton ap tounen java. Plizyè cha vini, yo tounen grenn pa grenn, polisye menm rive pèdi lavi san konte sa yo ki dezète.
Boutofen jou ki 26 fevrye 2024 la, tout polisye kafou abandone pòs yo. Kouri pou sove lavi yo san vire gad popilasyon an.
01 novanm 2023-01 novanm 2024, yon lane depi pitit kafou ki te kouri yo, pa konn ki lè y ap tounen, sila ki te reziye yo rete pa konn kilè y ap ka viv san kè sere, san dlo nan zye.
Yon lane kote bilan pa gen ti kras sant lespwa ditou ditou.
Alexandra LINDOR
Se tout peyi a wi ki fin pèdi kounya!
Mezanmi! Hmmm!