Vrayòl Makak, Yon ijans sante piblik global
- Gregoisdon MILORD
- Sep 6, 2024
- 2 min read
Varyol Makak la se yon enfeksyon viral yo te dekouvri nan lane 1958 aprè 2 epidemi lakay Makak yo. Li manifeste tankou gratèl sou fòm bouton oubyen ti anpoul prensipalman nan figi, pla men, pla pye, bouch, je, pati entim yo. Nou kapab jwenn kèk lòt siy tankou lafyèv, doulè nan chè, fatig, tèt fè mal epi doulè nan do. Viris ki pwovoke enfeksyon sa rele Mpox.
Maladi sa a plis konsène kontinan afriken an. Varyòl Makak la ta pral kòmanse atire atansyon mond lan nan lane 2022 aprè yo ta pral dekouvri li nan plizyè rejyon tankou Afrik, Ewòp ak nò Amerik la. Sa ki te vin pwouve kapasite l pou li pwopaje pi lwen pase kontinan afriken an.
Nan premye semèn mwa Dawou 2024 la, CDC ki se sant kontwòl afriken ak prevansyon maladi nan kontinan Afrik la sòti yon nòt ki fè konnen nan 7 premye mwa ane 2024 la, yo anrejistre 14,250 ka varyòl makak sa a ki reprezante yon ogmantasyon 160 % sou menm peryòd sa a 2023. Se 456 ka lanmò ki reprezante yon ogmantasyon 19 % ki deklanche tout enkyetid sa yo.
14 Dawout 2024 la, Òganizyon Mondyal Lasante (OMS) deklare nouvo epidemi sa a kòm yon ijans sante piblik global. Pandan n ap konsidere gwo difikilte ki genyen pou jere l akoz fasilite nouvo fòm viris la genyen pou l ap pwopaje epi transmèt fasilman pa mwayen respirasyon, ak kantite vaksen ki disponib pou jere kriz la ki pa sifi.
Fòk nou konnen tou Varyòl Makak la transmèt pa kontak kò ak kò, kò ak rad yon moun ki enfekte. N ap presize tou li pa yon MST (Maladi ou trape nan fe bagay). Toutfwa rantre nan kontak entim ak yon moun enfekte kapab koz ou enfekte senpman paske kò nou touche.
Pou kounya poko gen ankenn ka varyòl makak la sou teritwa nasyonal la men Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an (MSPP) mande pou popilasyon an kontinye rete vijilan.
Gregoidson MILORD
Comments