Normil RAMEAU drese bilan 2 semèn sou ijans sekirite ki deklare anndan peyi a
- Alexandra LINDOR
- Jul 31, 2024
- 1 min read
Pou pi piti 104 bandi mouri nan fas a fas ak lapolis, 65 lòt arete, polisye yo sezi 7 machin, 19 zam ak 9,4 kilo kokayin epi yo rive kenbe 5 evade prizon. Sa se bilan pasyèl direktè jeneral Polis nasyonal la by nan yon pwen pou laprès ayè madi 30 jiyè 2024 la.
Bilan sa presize aksyon sa yo plis konsène depatman Lwès epi Latibonit.
Toujou nan kad ijans sekiritè a, prezans polisye yo ogmante nan blòk ayopò Toussaint LOUVERTURE a, lopital jeneral ak APN.
Daprè DG polis la, fòs lòd yo gen kontwòl sityasyon ki egziste nan kapital la epi yo detèmine pou retabli lòd ak sekirite anndan peyi a.
Alexandra LINDOR
Comments