Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl anonse preparasyon ki fèt pou bon dewoulman bakaloreya ane sa
- Kendy CHERESTAL
- Aug 4, 2024
- 1 min read
Nan yon konferans pou laprès vandredi 2 dawou 2024 la, responsab yo nan ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP), anonse gen bon jan preparasyon ki fèt pou tann 121 006 kandida k ap gen pou konpoze nan egzamen bakaloreya sou tout teritwa nasyonal la soti lendi 5 pou rive jedi 8 dawout 2024.
Enspektris jeneral Nadine Henry, kowòdonatè jeneral direksyon depatmantal edikasyon, Jean Wilnor Pierre, manb kabinè minis edikasyon an Augustin Antoine, se kèk pami responsab ki te prezan yo nan konferans pou la près sila. Minis Augustin Antoine eksprime gratitid li an favè aktè ki enplike yo pou egzamen bakaloreya ane akademik 2023-2024 la kapab reyalize sou tout teritwa nasyonal la, pandan li raple enpòtans bakaloreya genyen nan preparasyon etidyan ki ap gen pou pran chimen etid siperyè nan peyi a menm jan sa ye nan peyi letranje.
Direktè jeneral MENFP an, Yves Roblin, raple kandida yo obligasyon ki genyen pou respekte konsiy yo yon fason pou egzamen an kapab dewoule byen epi fè konnen ministè a gentan deja ap prepare l pou ane akademik 2024-2025 la.
Pwofesè Miguel Fleurijean, direktè ansèyman segondè a, presize egzamen yo prepare an fonksyon pwogram espesyal ministè a pou reponn ak pwoblèm ki te genyen ane sa akoz zak nèg ak zam yo toupatou anndan peyi a. Joseph Job Maurice, kowòdonatè jeneral pati ansèyman ak kalite a, salye fleksibilite ak sans responsabilite otorite yo nan ministè a ki deja reyisi òganize egzamen bakaloreya sa malgre kontèks sosyo-politik peyi a ap konnen na denyè jou sa yo.
Kendy CHERESTAL
תגובות