top of page

Madigra m pa pè w se moun ou ye














Li lè li tan pou lougawou sispann vole gran lajounen nan peyi Dayiti. Tout moun wè aklè agranman sa yo se fòs fènwa yo ye, depi yo la solèy pa ka briye kòmsadwa. Kouman fè se menm moun sa yo depi plis pase 20 lane, ki pa gen okenn bilan pozitif, yo pa janm pote okenn nouvote nan amelyorasyon la vi moun ki toujou la, ki toujou vle la. Yo vle pran lwa, si se pa yo, nan pwen lòt.


Lòbèy Konsèy prezidansyèl la montre nou aklè, nèg sa yo se yon banm sansi yo ye, yo pa sòti pou kite nou viv toutotan yo pa fin deseche nou. Se menm yo menm nan, yo te la depi lontan, yo pat janm ka antann yo. Jodi a ankò, yo pa menm anpil menm, yo toujou pa ka met tèt yo ansanm pou bay ti pèp la yon souf.


Se menm yo menm nan, ansyen manm Fanmi Lavalas, ansyen GNBis, ansyen PHTK…se menm granmoun yo, zo yo fin sèk tèlman yo pote malvèzasyon sou rèl do yo. Jiskaprezan yo pa vle kite nou viv.


Kote moun sa yo ki te konn ap pale sou sa yo rele altènans demokratik la? Kote moun sa yo swadizan konstitisyon an te bousòl yo a ?


Menm yo menm nan, non yo site nan tout kalte koripsyon, yo kondwi jenès la nan tout move zafè.

Malerezman, pèp Ayisyen an bouke. Jodi a pèp la pa gen fòs pou sòti, rele anmwey pou egzije yo vle viv tankou moun menm jan tout lòt pèp sou latè. Moun yo tèlman ap kouri monte desann, chèche ladesant tout kote, yo pa jwenn fòs pou yo leve kanpe pou diyite yo.


Youn nan yo te di yon jou : SI NOU PA LEVE KANPE POU DIYITE N, DIYITE N AP KOURI KITE N. Lespwa sanble fini tout bon vre.


Kot VWA lajenès la, jenn fanm ak jenn gason djanm ki te souf mouvman kont koripsyon nan peyi a?


Anpil pretandan, jenn politisyen te konn ap mache nan tout peyi a, fè gwo womble, reyini divès lòt jenn gason ak jenn fanm, ba yo lespwa yon jou li ka jou. Jodi a yo pa parèt tèt yo, se tankou peyi a pa gen okenn moun ki enterese ak li ankò. Nou dakò tou yon lòt bò, gen kondisyon ki kreye epi ki eksplike konpòtman KI MELEM sa?


Preske yon mwa depi n ap kontinye montre lemonn antye nou pa ka antann nou sou anyen ditou. Se pa paske se politik k ap fèt, men se enterè mesken yap jere.



Yon sitwayen sitiyasyon peyi a boulvèse

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page