KI SA 1804 KA APRANN NOU JODI A ?
- GenecoHaïti
- Jan 2, 2023
- 5 min read
Poukisa depi nou dwe pale de Ayiti, nou pa jwenn anyen serye pou nou di, si se pa yon gwo evènman ki gen 219 lane depi l pase nou oblije ap site ?
Sèl moman nan listwa nou kòm pèp ki fè n konnen mo libète, fyète, MOUNITE, respè ak yon mesaj grandèt san parèy pou limanite. Plizyè jenerasyon responsab kalamite nou ye jodi a nan kontinye adopte konpòtman esklav nan vant men sitou nan lespri.
Apre nou fin pase mati anba men atoufè enperyalis yo, aprè yo fin fè nou kwè malpwòte se ja, yo pran plezi nan planifye ak òganize divizyon nou nan fè nou kwè nou pa moun. Yo aprann nou aksepte nou enkapab pou fè sa ki bon, dikte nou nan kisa nou dwe kwè, mete fatra nan sèvo nou nan fè nou panse yo ka montre nou wout paradi a, yon paradi yo imajine pou fè nou kwè l paske plis nou sòt, se plis nou fèb, se plis nou restavèk. Ann mande tèt nou ak konsyans 1804 la, kisa nou ye jodi a ?
1804 montre nou chimen devlopman an. Li aprann nou devlopman chita sou MOUN, sa vle di kategori nan espès imèn nan ki gen konviksyon, ki gen valè y ap defann, ki pa sousou, ki gen kapasite ak bon konprann pou konnen ki sak bon pou yo. Yon kategori ki ka idantifye yo ak lòt kap batay pou ale nan menm direksyon ak yo, ki vle viv lib, ki vle viv selon pwòp idantite l.
1804 aprann nou devlopamn chita sou yon VIZYON SOSYETE. Esklav yo, malgre yo te sòti nan plizyè tribi, nan plizyè kominote, te rasanble bò kote yon sèl objektif ki se kreye yon nasyon lib, pou sispann manje rès blan tankou chen, pou sispann bese tèt devan blan mannan. Yo te kwè nan yon Ayiti grandèt majè, nan yon peyi ki gen fyète, ki fòme tèt li pou pran desten l an men, devlope selon pwòp kapasite l. Yon Ayiti kote tout pitit nasyon an gen menm chans pou al lekòl, resevwa menm edikasyon sou sa ki pou nou tout bon vre, ki ka fè nou pwospere.
1804 aprann nou KILTI NOU AK KWAYANS NOU SE FÒS NOU. Zansèt nou yo ki te sòti tribòbabò sou tout kontinan afriken an (sant konensans ak pwogrè syantifik mond lan), te chaje ak konesans ak sajès. Yo te òganize yo nan fason pa yo, devlope abitid ki pwòp ak yo nan fason yo pale, yo manje, yo viv ansanm, ak nan fason yo konprann lavi.
Nou sanble bliye se gwo sakrifis ak konesans sa yo ki fè blan mannan pap mache sou fyèl nou ankò, eksploze nou toujou ak pou kanon, ki fè yo pap tanpe nou ak fè cho tankou bèf, ki fè yo pa kontinye ap antere nou tou vivan ak siro sou tèt nou pou foumi manje tout je nou ?
Nou sanble bliye jan yo te konn kouche san diyite fanm vanyan nou yo, ki se san dout, yon gran gran manman nou chak k ap respire sou ti bout tè sa jodi a. Poukisa nou kontinye remèt konsyans nou bay kolon politik, ekonomik pou ti enterè pèsonèl pandan y ap rache zantray tout yon pèp?
Pa okipe okenn moun ka p fè nou kwè se VODOU a ki mete pèp ayisyen an nan salte. Tout pèp sou la tè ki te a bout ak yon fòm opresyon, te pran zam, rasanble tout fòs yo dèyè yon SISTÈM KWAYANS pou yo te sòti anba grif KANIBAL ki t ap souse san yo. Diferans anpil pèp ki te soulve yo parapò ak nou, se kapasite ak desizyon fèm pèp sa yo te pran pou òganize peyi yo aprè, san yo pa t bezwen dikte nan men menm OPRESÈ sa yo ki te vin sou yon lòt fòm aprè pou vin dezòganize yo ak piye tout richès natirèl yo.
Se menm solidarite kiltirèl 1804 la k ap ede nou sòti nan esklavaj mantal, ak kolonizasyon konsyans sa nou ye jodi a, youn nan gwo kansè pou anpeche nou avanse. Mw regrèt nan dènyè ane sa yo Ayiti preske pa gen MOUN ankò, e se rès eskelèt ki rete yo ki malerezman mete nou nan povrete pandan y ap itilize sitiyasyon nou pou yo gen pouvwa.
1804 aprann nou kalite yon VRÈ DIRIJAN. Papa DESALIN, te gen gwo pèsonalite, li pat blofè. Nan venn li tap koule san MOUN ak dezi pou reyalize yon rèv libète. Li te wè nasyon an anvan tèt li, anvan kèlkeswa sa ki te ka pou li kèk ti enterè pèsonèl. Vizyon li se te pou tout moun jwenn. Detèminasyon sa te fè l pran desizyon ki di anpil. Kèk desizyon ki pat depaman ak reyalite moman an paske te gen tan genyen anpil divizyon aprè endepandans lan sou baz enterè, donk kontèks istorik aprè gè endepandans lan pa t ofri twòp chwa.
Papa nasyon an te kwè distribiye richès peyi a san patipri bay pitit tè a, se chimen kap mennen nan jistis sosyal, ak nan devlopman an. Yon vrè dirijan dwe soutni la kilti, agrikilti ki fèt ak bon zouti teknoloji yo ofri, ki teni kont de patikilarite chak zòn pou toujou satisfè bezwen yon popilasyon pandan la p kreye travay nan bon jan kondisyon. Yon bon dirijan dwe travay ak entelijans, pa mwayen yon sistèm edikatif adapte, pou fabrike MOUN ki wè peyi, ki gen konesans, ki konn kijan yo fè devlopman ki pa depaman ak reyalite yon pèp.
1804 aprann nou INYON. Esklav yo pat gen menm privilèj, yo pat gen menm konesans, yo pat leve menm jan paske yo tout pat sòti nan menm kominote ak tribi, men yo te ini pou fòje libète. Diferans yo pat anpeche yo goumen kòt à kòt, youn pou lòt. Yo te motive paske egzistans yo te an danje. Yo te bay vi yo pou sove DIYITE ak LIBÈTE. Diferans pa dwe anpeche nou travay ansanm pou retire salte, move sant, ipokrizi, kòripsyon ak mechanste nan lavi nou. Li pa ka, ni li pa dwe yon andikap pou nou panse yon peyi kote tout moun ka viv ak lespwa.
Jodi a, ki kote nou ye ?, ki pawòl nou pale, si se pa gagote lajan leta, si se pa favorize ti kòmè ki pa pè ouvè 2 pye yo pou privilèj anpil fwa yo pa merite, si se pa favorize ti sousou kap negosye pou vann ayiti, sèl byen nou genyen sou baz INYON an ? Si se pa kreye endistri pou fabrike GANG ki sou kontwòl politik ak eskelèt ka p volè tout richès peyi a, nan ba yo otorizasyon ak rekonesans pou yo fonksyone ? Si se pa dezòganize peyi a ak yon enstriman ensekirite ki nan benefis dirijan ki rayi peyi a? Si se pa mete latroublay ak konfizyon nan tout konpozant sosyete a pou satisfè enterè politik ak ekonomik oksidan an kont enterè pèp ayisyen an pou plizyè lòt jenerasyon ankò? ki angajman nou pran si se pa monte fo dosye poun elimine sitwayen pezib, si se pa nan dekouraje lajenès ki pa ka jwenn opòtinite
YON JOU LAP JOU !
Listwa ap reba nou chans pou nou viv ak fyète anba yon drapo kap flote nan syèl devlopman nou, diyite nou kòm pèp.
Redaksyon an
Σχόλια