Estiwofòm : Yon malè pandye
- Laura Stéphie LIBERTIN
- Jul 15, 2024
- 2 min read
Mouvman Nasyonal Sitwayen pou Klima nan tèt kole ak Alternatiba epi Groupe d’Action Francophone pour l’Environnement (GAFE), òganize yon konferans pou laprès jou ki te 10 jiyè 2024 la nan Otèl Le Plaza, pou prezante enfòmasyon ki soti nan Kòlòk Rejyonal Karayibeyen an sou estiwofòm GAFE-Haïti te òganize nan mwa novanm 2023.
Se te plis pase 125 moun ki te reyini nan dat 17 ak 18 novanm ki sot pase a, nan komin Petyonvil mete sou plis pase 260 moun a distans nan lide pou abòde pwoblematik anviwonnmantal, sanitè ak sosyetal itilizasyon pwodwi sa yo koze.
Estiwofòm yo se tout veso ki fèt ak polistirèn nou itilize pou nou mete manje kwit, tankou sa nou rele souvan anbwate yo. Itilizasyon pwodwi sa a gen enpak negatif sou sante nou, anviwonnman an, ekonomi an, sosyete a ak relasyon nou genyen ak peyi vwazen Karayib yo, men pi plis toujou enpak sou kilti nou ak idantite nou kòm pèp. Rive aksepte idantite n kòm pèp dabò, se tounen makonnen ak kilti nou, se yon mobilizasyon pou pwoteje sante pou n ka viv pi lontan.
Se depi 2007 batay kont estiwofòm nan tanmen nan peyi Dayiti gras ak GAFE. GAFE te egzije pami revandikasypn l yo, aplikasyon arete 2012 ak 2013 yo ki entèdi fabrikasyon, enpòtasyon, komèsyalizasyon ak itilizasyon pwodwi sa yo.
Nan dat 10 jiyè 2024 la, nan okazyon jounen nasyonal mobilizasyon sitwayen kont estiwofòm nan, GAFE-Haïti prezante yon dokiman ki anglobe tout sa ki te di nan kad kòlòk sa ki pote non livre blanc. Aktè yo mete limyè sou plizyè aspè negatif itilizasyon pwodwi sa pwovoke epi prezante tou kèk altènativ pou frennen konsomasyon pwodwi ki fèt ak matyè sa. Yo pale sou aspè kiltirèl la tou kote yo ankouraje itilizasyon kwi pou sèvi manje.
Anpil kesyon ap poze sou sa ki ta ka eksplike rezon ki fè gran paran nou yo te konn viv syèk, alòske esperans lavi pa nou ap redwi chak jou pi plis. Se vre epòk yo pa menm men yo tout te atache ak yon seri tradisyon, mès ak koutim ki te pwolonje lavi yo, pami yo bwè dlo nan kanari ou krich, manje nan kwi,elatriye.
Mouvman Nasyonal Sitwayen pou Klima nan tèt kole ak Alternatiba epi Groupe d’Action Francophone pour l’Environnement (GAFE) ap mennen batay sa depi 2007, yon batay yo konte kontinye jis yo rive abouti ak viktwa y ap chache a. Fòk gen bon jan konsyans sitwayen pou anime chak grenn nan nou pou n pran desizyon aplike prensip k ap bon pou sante nou ak byennèt nou.
Menm jan ak ewozyon, polisyon oubyen rechofman klimatik, itilizasyon pwodwi estiwofòm yo se gwo danje pou listwa limanite e se ansanm n ap rive kwape l.
Laura Stéphie LIBERTIN
Comentarios