top of page

Depòtasyon ayisyen nan Sendomeng : ant endiyasyon ak konsyantizasyon

Repiblik Ayiti ak repiblik dominikèn se 2 peyi ki pataje zile sa ki rele Ispanyola a. San n pa oblije retounen nan listwa malgre 2 peyi sa yo sou menm zile, eka ki genyen nan fason yo chak la ap devlope parèt klè nan je tout moun. Se tankou lè lapli ap tonbe se yon bò zile a ki toujou wouze.


Sitiyasyon inegalite ki genyen ant de peyi sa yo pa t toujou konsa. Okontrè nan mwatye ventyèm syèk la, ekonomi tou 2 te nan menm nivo men depi lè sa tou ekonomi dominiken an ap ogmante pandan pa ayisyen an ap degringole. Sa ki vin lakoz plizyè milye ayisyen oblije kiite lakay yo pou y al chache lavi miyò lakay vwazen.


Koze imigrasyon Ayiti-Repiblik dominikèn kòmanse depi nan lane 1920. Nan tan sa gouvènman dominiken an te bezwen mendèv pou travay nan chan kann. Menmsi migrasyon sa te benefik pou tou 2 peyi yo sitou sou plan ekonomik, li te prensipal koz ki te kreye tansyon ant 2 peyi yo tou, dayè tou 2 dirijan 2 peyi sa yo pa t janm defini nan yon kad jiridik nasyonalite premye gwoup ayisyen sa yo ki te foule tè dominiken yo.


Jenerasyon aprè jenerasyon, plizyè milye ayisyen kontinye ap kite lakay pou al chache lavi miyo lòtbò fwontyè a. Anpil nan yo ale nan fason ilegal oubyen jan nou te kapab rele l anba chal. Migrasyon ayisyen nan Repiblik dominiken pa sèlman gen bon kote sou pwen ekonomik pou zile a men li te afekte kilti dominiken an, bwouye sitwayènte a, sa ki vin kreye byen vit yon mefyans ant 2 nasyon yo.


Nan fen lane 2023, yon gwoup ayisyen tou pre fwontyè Wanament lan te pran inisyativ konstwi yon kanal, pou pèmèt dlo rive nan rejyon an konsa peyizan nan zòn sa a ta pral kapab jwenn dlo disponib pou yo eksplwate. Inisyativ sa pa t two fè kè prezidan dominiken an nan epòk la, Luis Abinader plezi.  Gen anje ekonomik ki te menase, sa ki te menm pouse l fèmen fwontyè a nan mwa septanm 2023. Yon estrateji ki te vize fè presyon sou ti gwoup ayisyen vanyan sa yo ki te lanse konstriksyon sa, ki te bouste motivasyon pèp ayisyen an ki te vle wè kanal sa a fini, sa ki te rive fèt.


Men a ki pri ?

Kèk mwa aprè manda Luis Abinader fin renouvle sou pouvwa a, li tanmen demach pou ekspedye lakay yo ayisyen ki sou teritwa li a. Mouvman sa a te kòmanse timidman jiskaske li vin pran yon pi gran anplè kote prezidan dominiken an menm fè anons ofisyèl pou li di chak semèn l ap voye tounen lakay yo 10.000 ayisyen. Pwoblèm ki vin poze ak depotasyon sa a se nan fason yo fè l la. Kondisyon otorite dominiken yo ap depòte ayisyen ki lakay yo a pa respekte youn nan lwa depotasyon yo. Sitiyasyon sa revolte konptriyot ayisyen yo. Minis afè etranjè ayisyen an Dominique Dupuy, pa mete dlo nan bouch li pou l denonse move tretman sa yo epi defann konpatriyòt nou yo lòtbò fwontyè a.


Yon latriye twit, de twa bon pawol piman bouk, entèvyou, konferans deba, minis la itilize plizyè mwayen vre pou eksprime mekontantman l, mekontantman pèp ayisyen an fas ak sitiyasyon sa a. Se vre nou endiye, men kisa nou fè aprè boude epi denonse depòtasyon sa ki ap fèt malman an?


Kisa dirijan nou yo fè pou rezoud migrasyon ayisyen yo sou tè etranje? Kisa ki fèt reyèlman pou evite n kontinye pran imilyasyon lòt bò dlo?


Lè n ap sonje istwa 2 moso tè sa yo, sa pa ka pa revolte n pou n wè a kisa nou redwi jounen jodi a. Men pandan n ap lonje lendèks nou pou n ap kondane zòt, li bon pou n sonje gen 4 lòt dwèt ki vire sou nou. Nou dwe konsyan dirijan nou yo pa inosan nan sa n ap andire yo.

Boude pou sa konpatriyòt nou yo ap sibi yo se youn, men li preferab pou n reflechi sou kijan nou ka evite sa repwodwi.


Pou kounya se Sen Domeng, demen ki lòt peyi ki va about avè n ki ap pouse do n pou n tounen lakay nou?

 

Laura Stéphie LIBERTIN

 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page