top of page

Ayiti ap patisipe nan koup di mond Soka pou premye fwa

 

Ayiti plase nan 5èm gwoup ki gen ladan l Polòy, Frans, Tiki ak Pakistan, kòm peyi k ap patisipe nan koup di mond soka oman 2024 la aprè tiraj pou drese lis la te fin fèt madi ki te 29 oktòb 2024 la nan Maskat, yon vil nan peyi Oman.


Tounwa sa ap fèt sòti 28 novanm pou rive 8 desanm, epi se premye fwa l ap fèt nan mwayen oryen kote 40 ekip ap patisipe, pami yo ayiti youn nan peyi k ap patisipe pou premye fwa.


Nan diskou seremoni tiraj la, prezidan federasyon mwayen oryan Soka, Walid Al Obaidani, reflechi sou 10 lane efò yo pou rann evènman an entènasyonal epi fè konnen se yon okazyon pou jwè amatè yo montre potansyalite yo ak kapasite yo pou entegre ekip nasyonal yo.


Pami peyi k ap patisipe nan koup di mond Soka 2024 la, genyen: Etazini, itali, kanada, kata, bilgari, jòji, libi, sèbi, chip, kowet, irak, brezil, ejip, iland kolonbi, iran, angletè, irigwe, kowasi, ajantin, afrik di sid, elatriye.


Soka se yon jwèt ki jwe menm jan ak foutbòl la, sofke li jwe ak 2 ekip ki gen 6 jwè sou yon teren ki pi piti epi kan yo pi piti pase pa foutbòl yo.


Kendy CHERESTAL


Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page