top of page

Ayiti 2024, Ayiti 2025 : yon bilan negatif, yon avni ensèten

Yon lane ale, yon lòt ki vini, pou anpil nan nou se jis yon chif ki chanje reyalite a kontinye ap kale nou.

Pa bò lakay, se yon maswife nou monte pa do pou lane 2024 la kote depi nan koumansman ane a kriz sosyal, politik ak sekiritè a te grav anpil. Gang yo pa t sispann simen latwoublay nan plizyè depatman nan peyi a prensipalman nan Lwès ak Latibonit.


Mete sou sa ekonomi peyi a pran gwo frap, se plis pase 6 milyon ayisyen ki ap viv nan ensekirite alimantè.


2024 ale, men li kite dèyè l tout dezagreman li yo. Plis wout estratejik bloke akoz aktivite nèg ak zam k ap feraye sou teritwa nasyonal la, sa ki paralize pwodiksyon nasyonal la, limite aktivite Madan Sara yo pwiske pwovizyon yo pa ka rantre fasil ankò nan kapital la. Anpil ti antrepriz oblije fèmen pòt yo akoz ensekirite a k ap vale teren, sa ki vin ogmante to chomaj la.


Konsekans sosyal sitiyasyon ensekirite sa a lakoz plis pase 700 000 moun oblije kite lakay yo pou y al viv nan kèk sit kote anpil nan kote sa yo pa amenaje pou resevwa yo. Kondisyon sanitè nan sit sa yo pa toujou reponn ak sa nòm yo egzije. Pou 2024 sa a, nou pa ka konte konbyen frè ak sè n ki tonbe anba bal nèg ak zam sila yo, sòti nan popilasyon sivil la, pase pran polisye nou yo.Plizyè prizonye chape poul yo nan prizon sivil Pòtoprens lan ak nan kèk vil pwovens tou. Mete sou sa lis teritwa pèdi a kontinye ap lonje atò komin gresye rejwenn zòn ki te deja nan lis la.


Sou plan politik, KPT 9 tèt la kontinye ap fè jwèt titato pou wè kijan men sòl yo a ap kenbe jis yo rive fè eleksyon nan lane 2025 lan. La ankò, se yon lòt gwo tèt chaje, paske ala verite pèsonn poko wè posiblite pou òganize eleksyon nan katchoubonmbe sa a n  ap viv lan la. Nan mwens pase yon lane, 2 premye minis gentan nome, soti nan Gary Conille tonbe nan Alix Didier Fils-Aimé : nouvo premye minis egal nouvo kabinè, egal nouvo pòch pou ranpli sou do ti pèp la k ap mande lapè pou l viv byen sou ti bout tè papa Desalin nan.


Nou pa te ka fini bilan katastwofik sa a, san n pa pale sou souflèt nou resevwa nan men Sen Domeng ki te fèmen  fwontyè l akoz konstriksyon kanal Wanament lan, san n pa bliye plizyè milye frè ak sè n li voye tounen ban nou nan move kondisyon. Yon lòt bò plizyè konpayi avyon pami yo Jet Blue, Sunrise te deside kanpe aktivite komèsyal yo aprè ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti a te sibi plizyè atak nan men gang yo sitou kowalisyon Viv Anssanm nan ki te fè l fèmen pòt li a 2 repriz.


2024 ale se vre, konsekans zak ki te komèt yo ap rapousiv nou, lè n konsidere byen bonè nan lane 2025 lan 75 militè ki sòti Guatemala ak 8 lòt ki sòti Salvador foule sòl nasyonal la nan lide pou ranfòse MMSS la ki vin ba nou kout men nan batay k ap mennen kont gang yo.


Sòti 2024 pou rive 2025 vrè chanjman n ap espere a, vrè chanjman nou bezwen an, ap mande nou yon konsyans kolektif ; kote chak grenn ayisyen espesyalman dirijan nou yo va rive konprann li lè, li tan pou yo panse peyi.


P ap gen bon lane san yon chanjman siyifikatif.


Laura Stéphie LIBERTIN


Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page