top of page

Alèt sekirite : Lavi menase nan tigwav


Depi aprè wout Nasyonal nimewo 2 a bloke nan Gresye, transpò sou lanmè vin sèl chwa gran sid la genyen pou ravitaye. Sa ki fè waf tigwav la resevwa anpil pwa lou ki vini sou bato yo. Pami yo nou jwenn trelè ki pote siman, pwodwi alimantè, kamyon gaz, elatriye, sa ki ta parèt yon solisyon pou antreprenè yo ak popilasyon an, men ki vin tounen yon menas pou sekirite vil la, ak lavi abitan yo, akoz move jesyon otorite yo fas ak sitiyasyon sila.


Depi kèk tan anpil kote nan vil la tankou ; Ri dikè (Rue Du Quai), Plas soulouk (Place Soulouque), ri Fosten (Rue Faustin), ri Notredam (Rue Notre Dame) ranpli ak pwa lou. Gen nan yo ki estasyone sou twotwa pa pil ak pa pakèt. Akoz ti espas kote kamyon sa yo estasyone, gen anpil nan yo ki oblije fè doub pakinn, sa ki anpeche sitwayen yo fonksyone ak lapè. Sitou lannwit, lè n ap konsidere sa move lawon ka pwofite fè popilasyon an pandan yo kache dèyè machin sa yo ki konn aliye sou bèl distans.


Depi dimanch 6 oktòb 2024 la, Avni libète (Avenue La Liberté) vin ajoute sou lis riyèl sa yo. Toudebò twotwa yo, nan tout longè riyèl la, se Kamyon gaz, trelè, ak Machin Bwat ki ka prèske yon senkantèn ki estasyone. Sitiyasyon sa bay anpil ke sote, Lè nou sonje sa ki te pase dènyeman nan Kalbasye, anpil moun te mouri ak plizye lot blese akoz yon Kamyon gaz ki te pran dife.


Daprè plenyen plizyè sitwayen nan vil ki pa ban n otorizasyon pou site non yo, se paske deriv sa a bay otirite nan vil la, ki pa bay lavi regle anyen pou yo, posiblite pou rantre lajan ilegalman ki fè yo pa janm fè anyen pou sa.



Grégoidson Milord


Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page