top of page

20 janvye 2025 bay 267 lane depi Franswa Makandal disparèt, MCC raple nou enpòtans dat sa

 

20 janvye 1758- 20 janvye 2025, sa fè 267 lane depi kolon esklavajis te boule tou vivan Franswa Makandal (nèg mawon) sou plas dam okap la, ministè kilti ak kominikasyon soti yon nòt pou raple kiyès li te ye ak enpòtans li nan listwa liberasyon nou epi enpòtans konesans li genyen nan medsin tradisyonèl la.


Franswa makandal fè pati premye gwoup revolisyonè (esklav mawon) yo nan lane 1740 pou rive 1758, kote li te tabli yon vizyon klè pou bay mouvman mawonaj la yon dimansyon òganize, kreye kondisyon pou esklav yo kraze sistèm esklavaj la pou kreye yon nansyon lib sou tè sa, daprè sa ministè kilti ak kominikasyon ekri nan nòt la.


Makandal se te yon jeni nan itilize fèy bwa pou goumen kont maladi. Konesans potorik gason sa ki transmèt de jenerasyon an jenerasyon ede peyi a konble anpil vid ak fay ki genyen nan sante konvansyonèl nou an. Ministè kominikasyon fè tou pwofite rann omaj ak tout moun k ap itilize medsin tradisyonèl fèy nan bwa pou bay lasante yo sitou fanm chay yo ki ede lavi boujonnen ak timoun y ap ede jwenn nesans yo.


Kontribisyon makandal ak anpil lòt ewo tankou zabèt, kola jan koupe, padre jan, pou jouk rive nan bwa kay iman, pa gen parèy epi se kontinite idewoloji ak batay pi gran sa yo ki te bay ewo tankou Desalin, Kristòf, Petyon ki ta pral mennen peyi a nan pi gwo revolisyon kont esklavaj limanite poko janm konnen. Se ak pawòl sa ministè a fèmen nòt omaj la pandan li tou pwofite mande sosyete a pou medite jou 20 janvye 2025 sa pou rann omaj ak Franswa Makandal, sitou pou n ka enspire sou gwo sakrifis li fè ak lavi l pou te ede n bati non pèp lib sa nou genyen jounen jodi a.


Kendy CHERESTAL


Comentarios

Obtuvo 0 de 5 estrellas.
Aún no hay calificaciones

Agrega una calificación
bottom of page